You are currently viewing ULCC make Jounen Entènasyonal Lit Kont Kòripsyon an ak jenès Ayisyèn nan

ULCC make Jounen Entènasyonal Lit Kont Kòripsyon an ak jenès Ayisyèn nan

Lendi 9 desanm 2024 la, Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) te òganize yon jounen espesyal nan otèl Karibe pou make Jounen Entènasyonal Lit Kont Kòripsyon sou tèm Nasyonzini an ane sa: « Ini ak jèn yo kont kòripsyon: konstwi entegrite demen.”Jounen sa make lansman ofisyèl plizyè inisyativ enpòtan tou epi li te pèmèt ULCC prezante yon bilan sou efò l ap fè pou konbat kòripsyon an Ayiti.

Evènman an te santre sou jenès la, kote elèv, lidè jèn ak sitwayen angaje te reyini pou diskite sou aksyon ULCC yo, jan kòripsyon ap bloke pwogrè jenès la, epi chèche solisyon dirab pou konbat kòripsyon k ap gangrennen sosyete ayisyèn nan.

ULCC prezante yon bilan sou travay li ki fèt pi byen depi lè lwa 12 mas 2014 la antre nan aplikasyon. Daprè bilan an, sòti 2004 rive 2014, ULCC te transmèt 24 rapò ankèt bay lajistis. Depi lè lwa a antre an aplikasyon, Inite a transmèt 71 rapò sa ki fè yon total 95 rapò ankèt.

Lwa 12 mas 2014 la pèmèt Inite Kont Kòripsyon (ULCC) an travay pi byen epi ak plis efikasite kòm yon enstitisyon endepandan pou konbat kòripsyon nan tout sektè nan sosyete ayisyèn an. Lwa sa bay ULCC plis pouvwa pou poze kesyon, leve sekrè pwofesyonèl, ak pouswiv moun ki mele nan zak kòripsyon. Li mande pou aksyon piblik lanse kont moun ki enplike nan kòripsyon epi ankouraje kolaborasyon ant plizyè enstitisyon tankou IGF, UCREF, BAFE ak CNMP.

Lwa a ankouraje inisyativ ak refòm pou ranfòse sistèm anti-kòripsyon an, tankou lansman konkou kreyatif ak prezantasyon nouvo zouti pou jèn yo. An rezime, lwa 12 mas 2014 la se yon pilye nan efò Ayiti pou amelyore gouvènans ak redwi kòripsyon, epi li make yon etap enpòtan nan angajman peyi a pou asire entegrite ak transparans nan administrasyon piblik la.

Pandan evenman an, Mèt Josué Sigué, yon responsab nan ULCC, te souliyen kèk feblès nan lwa a ki konplike lit kont kòripsyon an, tankou mank sanksyon pou moun ki pwofite byen kòripsyon, mank definisyon klè sou nepotis epi mank règleman sou teknik espesyal ankèt.

Stephanie Sophie Louis, prezidan gouvènman jenès la, bò kote pa l, voye yon mesaj klè bay ULCC nan diskou sikonstans li an: “M ap pale pou jenès ki pa ka pale a, pou timoun k ap swiv kou anba bal yo, pou tout moun vyolans lan fè deplase. » Li te soulinye konsekans kòripsyon sou jenès la epi remèsye ULCC pou travay yo, pandan l envite yo fè plis, tankou foure je nan preparasyon bidjè nasyonal la.

469596605_973772508107729_1993591363544682409_n-1024x604 ULCC make Jounen Entènasyonal Lit Kont Kòripsyon an ak jenès Ayisyèn nan

Pou ranfòse konba kont kòripsyon, ULCC lanse plizyè inisyativ sou tout tèritwa nasyonal la tankou konkou « Atizay kont kòripsyon: ankouraje chanjman atravè ekspresyon kreyatif”, prezantasyon nouvo zouti «Gid anti-kòripsyon pou jèn yo an Ayiti», kanpay sansibilizasyon ki fòme 10,000 anbasadè anti-kòripsyon, fòmasyon espesyal sou teknik ankèt ak sistèm deklarasyon patrimwàn, aktivite syantifik ak deba kontradiktwa sou defi ki gen rapò ak transparans ak entegrite an Ayiti.

Inite a te òganize yon ekspozisyon tou pou prezante reyalizasyon ULCC yo, rapò yo voye bay lajistis, ak inisyativ kèk enstitisyon fè, sosyete sivil la, ak asosyasyon jèn yo. Evènman an te montre tou kolaborasyon ki genyen ant ULCC ak enstitisyon tankou UCREF, IGC, CSCCA, ak CNMP. Plizyè òganizasyon jenès tankou Koze Jèn Yo, AVD, ak JEACHA te prezan tou.

Jounen Entènasyonal Lit Kont Kòripsyon an te plis pase yon okazyon pou make yon dat; se te yon apèl pou aksyon kolektif. Mesaj evenman an te klè: si nou vle bati yon Ayiti ki pi pwòp, ki pi ekitab e ki gen plis entegrite, fòk tout moun, sitou jenès la, fè pati solisyon an.

Velphyne Pierre