You are currently viewing Nègès Mawon egzije bon jan aksyon efikas pou konbat vyolans sou fanm ak tifi

Nègès Mawon egzije bon jan aksyon efikas pou konbat vyolans sou fanm ak tifi

25 novanm 2024 make 25yèm komemorasyon Jounen Entènasyonal pou eliminasyon vyolans ak tout fòm diskriminasyon kont Fanm ak Tifi. Nan okazyon sa a, NÈGÈS MAWON eksprime enkyetid li fas ak ogmantasyon zak vyolans sou Fanm ak Tifi an Ayiti epi denonse iresponsablite otorite leta yo ki pran tan pou adopte mezi ki nesesè pou elimine flewo sa a.

Lavèy Jounen Entènasyonal pou eliminasyon vyolans ak tout fòm diskriminasyon sou Fanm ak Tifi, kat (4) fanm ansent pèdi lavi yo paske chirijyen ak anestezis yo pa t ka deplase akoz vyolans gang yo, daprè deklarasyon Dr Ronald Laroche sou Magik9. Anplis, sòti janvye rive oktòb 2024, NÈGÈS MAWON anrejistre ak pran an chaj sèt san ven-nèf (729) ka vyolans sou Fanm ak Tifi, pami yo de san trant (230) ka vyòl nan Carrefour ak Gressier. Sitiyasyon jeneral dwa moun yo vin pi mal chak jou. Fanm, Tifi ak minorite seksyèl yo se kategori ki pi afekte nan sitiyasyon sa a.

Kat (4) fanm ansent pèdi lavi yo, akòz enkapasite chirijyen ak anestezis yo pou ba yo swen nesesè paske yo pa t ka deplase akòz vyolans gang yo, daprè deklarasyon Dr Ronald Laroche sou Magik9, 21 novanm pase a. An jiyè 2024, 300,000 Fanm ak Tifi te deplase. An novanm 2024, gen 700,000 moun deplase. Fanm ak Tifi sa yo kache nan kan kote yo kontinye ekspoze ak tout fòm vyolans ak danje pou lavi yo. Otorite leta yo pa adopte okenn mezi pou konbat gang ame yo ak pwoteje Fanm ak Tifi. Deplasman masif ak fòse sa fèt an vyolasyon total ak Prensip Direktè ki gen rapò ak deplasman moun, andedan pwòp peyi yo. Enpinite ki karakterize lajistis ayisyen an, ofri predatè yo yon tèren pwòp pou fè zak vyolans yo. Pandan peryòd sa a, anviwon san katreventkat (184) plent te depoze pa sivivan vyolans seksyèl nan Carrefour ak Gressier pandan Jiridiksyon Pòtoprens pa t fè okenn odisyon kriminèl pou ane jidisyè 2023-2024 la.

Li evidan, konbat ak elimine vyolans sou Fanm ak Tifi, pa yon priyorite pou gouvènman tranzisyon sa a. Anplis, sou-reprezantasyon Fanm nan diferan ògan gouvènmantal yo, tankou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, nouvo gouvènman an menm, Komisyon pou aplikasyon refòm penal la, Komisyon Verite, Jistis ak Reparasyon, Konsèy Elektoral Pwovizwa a temwaye mepri otorite leta yo pou aplikasyon ak respè tèks nasyonal ak entènasyonal ki garanti egalite sèks. Sepandan, plis pase 150 òganizasyon feminis ak dwa moun te sipòte yon kad politik pou asire patisipasyon total Fanm ak pran an kont priyoritè bezwen yo pandan tranzisyon sa a.

NÈGÈS MAWON reyafime angajman li nan batay pou liberasyon Fanm ak Tifi kont tout fòm vyolans epi mande gouvènman tranzisyon an pou pran aksyon konkrè pou vyolans sa yo sispann imedyatman. Lè a rive pou gouvènman ak lajistis finalman kanpe bò kote Fanm ak Tifi Ayisyen yo.