You are currently viewing Lopital Jeneral: 2 jounalis ak 1 polisye mouri, plizyè lòt blese nan yon atak bandi ak zam

Lopital Jeneral: 2 jounalis ak 1 polisye mouri, plizyè lòt blese nan yon atak bandi ak zam

Plizyè jounalis ak polisye viktim, madi 24 desanm nan, nan yon atak bandi ak zam kont Lopital Inivèsite Leta Dayiti (HUEH) – Lopital Jeneral. Atak sa a fèt pandan preparasyon reouvèti lopital sa a, ki te fèmen depi prèske yon lane akòz klima ensekirite nan zòn nan.

Minis Sante Piblik la, Doktè Duckenson Porté Blema, te pwomèt pou l relouvri lopital la anvan Nwèl, sa ki te fè plizyè jounalis mobilize pou kouvri evènman an. Ministè a te mete yon bis disponib pou transpòte jounalis yo nan sit seremoni an, men kèk jounalis te chwazi ale ak pwòp mwayen yo. Yo te rive sou plas anvan delegasyon ofisyèl la. Se nan moman sa a bandi louvri kout zam, simen panik nan mitan foul la.

WhatsApp-Image-2024-12-24-at-18.58.08_d97ef8ae-1024x576 Lopital Jeneral: 2 jounalis ak 1 polisye mouri, plizyè lòt blese nan yon atak bandi ak zam

Depi mwa mas pase a, Lopital Jeneral, ansanm ak lòt enstitisyon ki nan anba lavil la, te abandone akòz ogmantasyon vyolans lan. Reouvèti lopital sa a, ki se yon senbòl espwa pou anpil sitwayen, tounen yon kochma pou patisipan yo nan seremoni reouvèti a.

Omwen 3 moun mouri (2 jounalis ak 1 polisye Daniel Renaud) ak plizyè blese pami yo 7 jounalis medya sou entènèt daprè dènye enfòmasyon yo. Gen yon jounalis Chandel Info ki pran yon bal nan bouch. Pami viktim yo gen Petyon Robens, Réginald Baltazar, Miracle Velondie, Florise Deronvil, Jean-Jack Aspèges, Jocelyn Justin ak Rosemond Vernet.

Mackendy Natoux ak Jimmy Jean Louis se non 2 jounalis sa yo ki tonbe nan atak sa nan Lopital Jeneral anba bal bandi ak zam madi 24 desanm lan. Jounalis Jimmy Jean Louis t ap travay pou medya « Moun Afè Bon TV », jounalis Natoux t ap travay pou VOA Kreyòl. Yo pèdi lavi yo pandan yo t ap egzèse metye yo.

WhatsApp-Image-2024-12-24-at-18.58.07_e8dea9bd-1024x576 Lopital Jeneral: 2 jounalis ak 1 polisye mouri, plizyè lòt blese nan yon atak bandi ak zam

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon lan, Ekselans Leslie Voltaire, reyaji tousuit sou atak lopital jeneral la. Li di : « Pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, sa k pase jodiya, jou fèt Nwèl la, nan Lopital Jeneral, kote moun nan popilasyon an, jounalis, polisye viktim, li inakseptab. Nou prezante senpati nou bay tout fanmi viktim yo, an patikilye, bay PNH la epi tout asosyasyon jounalis yo. Nou garanti yo zak sa a, pa p rete san konsekans.

Moun ki te bloke anndan Lopital Jeneral yo finalman soti, yo kite espas la ak gras ak èd Lapolis aprè anpil dega, kriye ak laperèz. Bilan an rete pwovizwa, men otorite yo gen pou bay bay plis detay sou viktim yo ak dega yo nan èdtan kap vini yo.Tragedi sa a montre yon lòt fwa ankò ensekirite kwonik ki ap ravaje Pòtoprens, fè rasanbleman piblik yo danjere epi soulve ijans pou yon repons fèm kont vyolans gang ame yo.

NB: N ap ajoute enfòmasyon pandan n ap resevwa yo.