You are currently viewing Denise, k ap batay lontan ak yon kansè nan kòl matris, sou chemen gerizon kounya nan HUM

Denise, k ap batay lontan ak yon kansè nan kòl matris, sou chemen gerizon kounya nan HUM

Kansè, mo sa a ki gen de silab gen pouvwa pou l mete kè sote, deranje lavi moun, epi boulvèse plan ki pi byen etabli yo; li pa afekte sèlman moun ki malad yo, men tou fanmi yo an antye, san distenksyon estati sosyal oswa orijin.

Nan mitan fanm ayisyèn yo, kansè nan tete ak kòl matris se kansè ou jwenn pi souvan epi yo reprezante anviwon 75% nan ka yo. Daprè estatistik yo, ensidans kansè nan kòl matris la sitiye ant 20.3 ak 50.02 ka pou chak 100,000 moun.

Denise J. t ap viv nan Repiblik Dominikèn lè lavi li tanmen boulvèse. Yon egzamen woutin te revele yon dyagnostik devastatè: li te gen kansè nan kòl matris. Pandan sante li t ap deteryore, Denise t ap konbat ak pwa fizik ak emosyonèl maladi l la. Piske li pa t kapab peye pri trètman an ki t ap ogmante, li t ap fè fas ak yon reyalite tèrib : li ta ka mouri ak maladi a, epi kite twa pitit li yo dèyè.

Pandan li te nan gwo detrès, lespwa parèt nan fòm yon rekòmandasyon yon zanmi: Lopital Inivèsitè Mirebalais (HUM).

Detèmine pou l batay pou lavi li, Denise te pran desizyon pou l chèche swen nan HUM, kote li te kòmanse yon vwayaj gerizon. Depi uit mwa, Denise ap patisipe aktivman nan pwogram onkoloji HUM nan, kote l ap sibi trètman chimiyoterapi ak radyoterapi ki di anpil.

Katriyèm kansè ki pi komen lakay fanm yo se kansè nan kòl matris. Li devlope nan kòl matris fanm lan. 99% ka kansè sa a koze pa yon enfeksyon ak papiyomaviris imen (PVH), ki transmèt sitou nan kontak seksyèl. Medam yo kapab evite Kansè nan kòl matris la gras ak apwòch prevansyon primè tankou vaksen kont PVH, ak depistaj ak trètman lezyon prekansè.

Yon depistaj bonè ak yon bon swen ka amelyore anpil chans pou trètman kansè nan kòl matris la reyisi, ki se youn nan fòm kansè ki trete pi byen si yo detekte li bonè epi pran swen li byen. Menm kansè ki dyagnostike nan yon etap avanse ka jere ak trètman apwopriye ak swen palyatif.

Kounyeya Denise ap viv Lascahobas. Li ale nan HUM pou trètman li chak 21 jou. Nan koulwa Sant Onkoloji Roselène Jean Bosquet a, li jwenn plis pase yon senp enstalasyon trètman medikal; li jwenn yon kominote swen, tankou Miss Guerdie Duvet, enfimyè an chèf nan sèvis onkoloji a ak ekip li a, ki angaje pou bay swen konplè ak sipò. Soti nan depistaj kansè rive nan konsèy ak sipò sikososyal, HUM ofri yon apwòch olistik nan swen onkolojik ki pèmèt pasyan tankou Denise yo reprann fòs ak vitalite yo.

697c42_459be3ca667b48209779d9bd69171757mv2-1024x683 Denise, k ap batay lontan ak yon kansè nan kòl matris, sou chemen gerizon kounya nan HUM

Malgre defi y ap fè fas, Denise ak anpil lòt jwenn rekonfò lè yo konnen yo gen yon ekip swanyan devwe k ap travay san pran souf pou bay pi bon swen posib. Malgre chemen pou gerizon an difisil, vwayaj Denise la temwaye lespri lespwa ak rezilyans ki briye nan mi HUM yo. « Mwen pa t ap viv jodiya san lopital sa a, » se sa Denise di ak anpil emosyon.


PS: Se yon atik Zanmi Lasante Douvanjou Web Media tradui.