Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) sòti yon etid li fè , an jiyè 2024, an kolaborasyon ak Ministè agrikilti ak devlopman riral ki rele « Reyentegrasyon vèt pou migran ki depòte yo”. Etid sa montre kijan migran yo kapab reyentegre yo gras ak agrikilti ekolojik.
Ayiti ap fè fas ak anpil pwoblèm anviwònman, sosyo ekonomik ak politik. Pami yo, gen enpak chanjman klimatik, dezas anviwònman ak mouvman popilasyon. Etid OIM nan ap chache konprann lyen ki egziste ant diferan fenomèn sa yo, epi devlope estrateji ak mezi ki kapab pote solisyon efikas ak dirab.
Rapò a prezante sitiyasyon degradasyon anviwònman an, chanjman klimatik ak migrasyon. Pami lòt bagay, etid la ofri yon apèsi sou faktè ki lakòz deforestasyon ak degradasyon tè nan peyi Dayiti, tankou chwa pratik agrikòl ak eksplwatasyon resous bwa ak pwodwi forè yo.
Etid la mete an evidans vilnerabilite Ayiti fas ak chanjman klimatik yo epi li prezante yon rezime istwa resan dinamik migrasyon an. Li mete aksan tou sou kesyon tankou ensekirite, povrete ak mank opòtinite ekonomik. Pou leve defi sa yo, agwoekoloji kapab ofri kèk solisyon. Pwodiksyon agwoekolojik yo ka kreye opòtinite ki pèmèt moun fè lajan nan zòn ki pi afekte pa depòtasyon migran yo ak moun ki deplase yo. Dènye chif OIM yo montre 702,973 moun te deplase anndan Ayiti.

Etid la analize nan ki mezi tranzisyon vè agwoekoloji kapab ede popilasyon sib yo amelyore kondisyon sosyo-ekonomik yo yon fason dirab. Agwoekoloji kapab kontribye tou pou amelyore sekirite alimantè ak ranfòse pwodiksyon agrikòl lokal yo. Ayiti ap fè fas ak yon kriz imanitè ki vin pi grav chak jou akòz yon sitiyasyon sekirite deplorab. Anviwon senk milyon moun, sa vle di prèske 50% nan popilasyon an, nan yon move sitiyasyon ensekirite alimantè.
Rapò a konsidere potansyèl tranzisyon vè agwoekoloji a epi li analize fòs ak feblès yo, ni nan nivo nasyonal ni nan nivo lokal. Etid la kwaze done pou idantifye komin ki pi afekte pa deforestasyon ak depòtasyon migran yo. Yo te chwazi senk zòn pou yon analiz pi apwofondi: Okap, Kòniyon/Gran-Bwa, Gonayiv, Pòdpè ak zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Pou chak zòn, yo fè yon analiz kondisyon lokal pou agwoekoloji, ki gen ladann tou defi ak opòtinite, sou baz done syantifik ak anpil entèvyou ki fèt ak otorite lokalyo, kiltivatè ak migran yo depòte.

Etid la montre kijan tranzisyon vè agwoekoloji ka sipòte kapasite lokal pou adaptasyon ak chanjman klimatik epi prevni deforestasyon. Anplis, etid la analize kijan solisyon sa yo ka fasilite yon reyentegrasyon dirab pou migran yo depòte yo. Li pwopoze kèk eleman pou ranfòse ak valorize konesans lokal yo e, kòm konsekans, amelyore sitiyasyon deforestasyon ak degradasyon anviwònman an, tout pandan n ap kapitalize sou bon pratik lokal yo.
Finalman, etid la fè rekòmandasyon konkrè pou chak zòn pou ankouraje tranzisyon an nan agwoekoloji. Sa vle di entèvansyon ki fèt an fonksyon de sikonstans ak opòtinite lokal yo.
