You are currently viewing Plis pase 40,000 moun deplase nan 10 jou nan Pòtoprens fas ak ogmantasyon vyolans gang yo

Plis pase 40,000 moun deplase nan 10 jou nan Pòtoprens fas ak ogmantasyon vyolans gang yo

Pòtoprens ap fè fas ak pi gwo vag deplasman Ayiti janm konnen depi janvye 2023, pandan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) rapòte 41,000 moun oblije kite kay yo akòz ogmantasyon vyolans ak ensekirite depi 11 novanm. Plis pase 90% moun ki deplase yo jwenn refij nan 23 sit deplase, ki gen ladann 19 nouvo sit ki kreye nan dènye jou yo pou akeyi yon kantite moun ki depase kapasite yo.

Vyolans lan fòse fanmi yo abandone kay yo, souvan pou dezyèm oswa twazyèm fwa. Moun ki deplase yo ap fè fas ak yon move sitiyasyon epi yo pa gen aksè ak dlo, manje, pwòpte ak swen sante.

« Deplasman sa a san parèy pa rapò ak lè nou te kòmanse reponn a kriz imanitè a an 2022, » se sa Grégoire Goodstein, chèf OIM an Ayiti a deklare. « Ekip nou yo ap travay san rete nan kondisyon ekstrèmman difisil pou bay èd vital. Malgre gwo presyon, pèsonèl nou an rete detèmine pou sipòte fanmi deplase yo epi asire yo bezwen esansyèl yo satisfè. »

GPKPA46WwAAa3B0-1024x573 Plis pase 40,000 moun deplase nan 10 jou nan Pòtoprens fas ak ogmantasyon vyolans gang yo

An gwo, plis pase 700,000 moun deplase an Ayiti epi, malgre gwo risk sekirite ak defi lojistik, òganizasyon entènasyonal yo ogmante repons yo nan Pòtoprens ak nan lòt zòn afekte yo, bay priyorite a dlo, asenisman, sante, sipò sikososyal, pwoteksyon, transpò ak distribisyon lòt kalite pwodwi

OIM distribye dlo bay plis pase 15,000 moun deplase anndan peyi a, pandan l te òganize sesyon pwomosyon ijyèn nan sit deplase yo pou amelyore pratik asenisman. Entèvansyon medikal sou plas te pèmèt yo bay swen a plizyè santèn moun deplase, epi 1,075 moun te resevwa èd transpò pou relokalize nan pwovens ki pi an sekirite.

OIM ap sipòte tou yon nan lopital nan Cité Soleil nan bay resous esansyèl pou fè fas ak ogmantasyon resan ka kolera. Plis pase 6 000 Ayisyen ki deplase nan kouri pou vyolans gang yo te resevwa swen medikal ak swen sikososyal mwa pase a. Nan yon peyi kote sou chak 3 lopital 2 fèmen akoz vyolans, chak aksyon sipò sa yo vin yon jès pous sove yon vi.

« Kriz sa a se pa sèlman yon defi imanitè. Se yon tès pou responsablite kolektif nou, », se sa Grégoire Goodstein deklare. « Nou dwe asire nou fanmi deplase yo pa rete poukont yo devan difikilte sa yo. »

Pwogram Alimantè Mondyal, bò kote pa l, ap akselere distribisyon li yo bay moun ki nan sitiyasyon ijans yo malgre kontèks ensekirite a. 25 novanm nan, nan Sen Mak, PAM ak patnè li yo te distribye diri, pwa ak lwil pou 3,900 moun ki deplase akoz vyolans nan Pont-Sondé. Distribisyon sa ap dire 2 jou e PAM ap bay 5720 moun manje.

Gc2Nb0KX0AAiR57-1-1024x1024 Plis pase 40,000 moun deplase nan 10 jou nan Pòtoprens fas ak ogmantasyon vyolans gang yo

Fanmi sa yo, vyolans gang yo kraze, jwenn yon sèten estabilite ak diyite lè yo rive jwenn yon nouvo lojman ak manje pou yo manje. Malgre resous limite ak bezwen yo k ap ogmante, yon aksyon ijans esansyèl pou kontinye pwoteje moun ki pi vilnerab yo.

Nou p ap bliye, Leta Ayisyen montre yon iresponsablite grav fas ak moun ki deplase yo akoz vyolans lan. Malgre kantite moun ki oblije kite kay yo ap ogmante chak jou, mank aksyon rapid ak efikasite nan bay asistans nesesè montre yon neglijans enkyetan.

Fanmi yo ap viv nan kondisyon deplorab san aksè a dlo, manje, ak swen sante adekwa, pandan y ap chèche refij nan sit deplase ki deja depase kapasite yo. Leta pa rive mete an plas estrikti ak resous ki nesesè pou pwoteje ak sipòte moun ki pi vilnerab yo, sa ki agrave kriz imanitè a epi kite anpil moun nan yon sitiyasyon dezespere. Aksyon ijans ak angajman solid nesesè pou adrese bezwen esansyèl moun sa yo epi retabli diyite yo.

Kredi foto : WFP