You are currently viewing Kreyòl la pa yon andikap pou atis Ayisyen pèse nan entènasyonal la

Kreyòl la pa yon andikap pou atis Ayisyen pèse nan entènasyonal la

Peyizaj mizik ayisyèn nan varye e rich anpil. Poutan, nan endistri mizik ayisyèn nan te toujou gen prewokipasyon bò kote atis yo sou rezon ki fè malgre kalite pwodiksyon nou yo, emèjans ki genyen ak yon seri atis, mizik ayisyèn nan manke entènasyonal. Se pa yon pèsepsyon ki kenbe lè n ap gade kijan yon seri atis ak djaz ayisyen tankou Michael Brun, Ruthshelle Guillaume, Carimi, pou nou site sa yo sèlman, abitye fè entènasyonal la tranble epi vibre anba mizik lakay.

Divès atis Ayisyen, fanatik e menm moun ki gen dwa pou kritike mizik genyen menm enkyetid sa, yo akize atis yo fè mizik pou ayisyen sèlman, kritike zèv atis yo, di pwodiksyon an pòv, twòp konpetisyon e menm arive akize lang lan kòm baryè, kòmkwa pwodwi mizik an kreyòl ka rann sèn entènasyonal la difisil pou atenn sou pretèks lang komèsyal la se anglè. Denyè ane ki pase yo la, anpil nan atis nou yo pran abitid ajoute fraz anglè nan zèv y ap pwodwi yo pou kapab rann piblik k ap tann zèv yo pi laj epi vann mizik ayisyèn nan sitou konpa a nan entènasyonal la.

Malgre tout defi, baryè atis lokal yo lonje dwèt sou yo, siksè atis ayisyen sa, Joé Dwèt Filé, fè nou konprann vrè pwoblèm endistri mizik Ayisyen an. Joé Dwèt Filé ki fèt 5 janvye 1995 nan Gonesse, Lafrans idantifye tèt li tankou yon chantè, otè, konpozitè entèprèt k ap evolye nan peyi Lafrans e kòmanse karyè li depi lane 2015. Li melanje R&B, zouk, konpa, ak afrobeat pou kreye yon son inik. Premye albòm li an, À Deux (2019), fè anpil siksè ak mizik « Egoïste » la ak « Numéro 1 ». Ak yon fyète pou rasin ayisyen li yo, li souvan antre ritm konpa ak referans kreyòl nan mizik li, yon fason pou konekte ak kilti li epi pataje l ak mond lan. Ak plizyè milyon streams ak konsè nan gwo sal tankou Olympia, Joé Dwèt File ap kontinye make endistri mizikal la kòm yon atis ki pote inovasyon ak emosyon.

Sètifikasyon mizik : « Fè m Voye » Joé Dwèt Filé a nan peyi lafrans montre a klè, pwoblèm endistri mizik Ayisyen an pa yon pwoblèm lang paske « Fè m Voye » ki prensipalman entèprete nan lang kreyòl la rive sou entènasyonal la epi pi enpòtan ankò, entènasyonal la resevwa l. Dènye hit Joé Dwèt File a : « 4 Kanpe » se yon omaj klè san okenn anbigite a kilti ayisyèn nan lè n ap sonje klasik sa nan mizik twoubadou ayisyen an ak Tonton Bicha. Dènye hit sa ki te jwenn plizyè gwo selebrite, atis entènasyonal tankou Madonna pran plezi sou bèl rit konpa lakay sa montre aklè epi fini ak deba sa si vrèman te genyen l ; kreyòl la pa yon andikap vre pou pèse nan entènasyonal la, okontrè li plis pwouve kijan orijinalite yon atis ak konsistans li kapab ede endistri mizik ayisyèn nan jwenn rekonesans li merite a.

Siksè Joé Dwèt File fè nou konprann kreyòl la pa yon obstak pou mizik ayisyèn nan sou sèn entènasyonal la. Okontrè, li fè pwomosyon orijinalite ak kilti nou an. Endistri mizik ayisyèn nan bezwen plis konsistans, inovasyon, epi yon apwòch ki valorize idantite li pou reyalize potansyèl li tout bon vre epi jwenn rekonesans mondyal li merite a.

Velphyne Pierre