You are currently viewing Sòti Lopital Inivèsite Leta Dayiti rive Bernard Mevs, yon sistèm sante ki kontinye fèmen pòt li an Ayiti

Sòti Lopital Inivèsite Leta Dayiti rive Bernard Mevs, yon sistèm sante ki kontinye fèmen pòt li an Ayiti

Jounen 16 desanm lan te an boulatchya nan men fòs lòd yo ak kò medikal lopital Bernard Mevs la. Aprè Lopital Inivèsite Leta Dayiti, se kou pa lopital sila pou l sibi frap anba men bandi ak zam ki gen plizyè lane ap teworize popilasyon an. Malgre lapolis te kanpe anfas yo pou defann lopital la epi mete lòd nan zòn Vilaj Solidarite kote lopital la twouve l, ravaj yo pa t piti.

Bandi san fwa ni lwa rive kraze brize, boule, e menm detwi totalman blòk operatwa, sal imajri, laboratwa ak pedyatri lopital la. Malgre fòs lòd yo te repouse yo nan jounen an, bandi yo te retounen nan sware a pou fini yon travay yo te estime ki potko fini.

Se pa premye fwa sistèm sante Ayisyen an sibi atak san pitye anba men kriminèl ak zam. Depi 2019 zak vyolans yo vin pi plis chak jou, kantite ka destriksyon sant sante yo pa sispann ogmante nonplis, yon fenomèn ki kontinye menase yon sistèm sante ki deja frajil. Depi lane 2021, gen yon achanman sou kò medikal la. Bandi kidnape plizyè doktè ak responsab sant sante nan espas travay yo e kèk nan yo te menm pèdi lavi yo. Daprè asosyasyon medikal Ayisyen an, yo te kidnape pou pi piti 20 pèsonèl medikal nan lane 2022 a; pou lane 2023 a, chif sa te double.

Ane sa a, sanble objektif la se detwi enstitisyon sante yo. Prensipal sant sante peyi a, Lopital Inivèsite Leta Dayiti, fèmen epi anba kontwòl bandi depi 29 fevriye 2024. Nan dat 26 ak 27 mas 2024 la, bandi te piye epi kraze brize nan Lopital Delmas 18 ak Sant Sante Sen Maten an. Nan mwa novanm lan, lopital Medsen San Fwontyè yo te fèmen pòt yo akòz kontèks ensekirite a ki twò danje pou ekip ki sou tèren yo.

Sistèm sante Ayiti a ki deja frajil, vin gen plis presyon sou li ak zak destriksyon sa yo k ap plede sible l. Lè lopital yo kraze, sèvis medikal prensipal yo vin limite oswa inaksesib. Pasyan ki bezwen trètman ijan tankou dyaliz, chimiyoterapi, oswa swen chirijikal yo retwouve yo nan yon sitiyasyon kote swa yo rete kouche ap tann lanmò yo, swa yo oblije fè gwo depans pou vwayaje nan lòt zòn oubyen al nan klinik prive.

Pandan popilasyon an deja ap fè fas ak tout kalite pwoblèm, atak sou lopital Bernard Mevs la mete yon lòt kouch mizè sou do moun ki bezwen sèvis sante prensipal yo. Paske sa ki fè sant Bernard espesyal, se pa sèlman kapasite pou pran an chaj ijans pou blese grav, men tou kapasite pou fè swivi pandan yon long tan. Pasyan k ap resevwa trètman pou maladi grav tankou kansè, enfeksyon grav, ak maladi kwonik pa gen okenn kote pou yo ale kounya nan Pòtoprens lan pou yo jwenn swen. Fanmi ki te konte sou lopital la pou swen ijan pou timoun yo oswa matènite pa konn ki sen pou yo rele, sitou lopital Inivèsitè Lapè a chaje nan dènye jou sa yo.

Yon enfimyè k ap travay nan Lopital La di: « Lopital la debòde, gen pasyan ki gen pwoblèm ijan nou pa ka resevwa, san konte kantite moun n ap pèdi akòz nou pa ka jwenn san osinon materyèl bazik pou sove lavi yo. Sistèm sante a ajenou e ka a kritik pi plis chak jou. »

Lè n ap sonje gen yon seri ekipman ak materyèl tankou eskanè, sistèm imajri 3D ak reyon X itilizasyon yo te posib pou jwenn sèlman nan lopital Bernard Mevz la, ak yon seri trètman se sèl lopital sa ki te ka bay yo, enkyetid yo kòmanse anpil bò kote responsab lopital yo, men sitou bò kote pasyan yo, ki lage de bra balanse ak maladi yo, mete sou peripesi yo deja ap travèse yo.

Yon chirijyen nan Lopital Bernard Mevs la eksplike: « Sistèm nan deja atè plat, e chak atak rann sitiyasyon an pi grav toujou. San pwoteksyon efikas pou lopital yo ki deja pa gen materyèl, anpil pwofesyonèl sante kite peyi a. Si bagay yo kontinye konsa, n ap rive yon moman kote pa gen doktè pou sèvi popilasyon an e menm lè sa k rete yo ta gen volonte; volonte a p ap ase pou sove lavi milyon abitan k ap pran bal mawon, viktim tout kalite briganday san konte lòt maladi ki deja ap sakaje yo. »

Doktè a pwofite fè yon apèl a konsyans ak bandi san fwa ni lwa yo. Li di: « Lopital yo pa ka tounen sib bandi. Maladi pa tonbe sou pyebwa; san lopital yo n ap kraze a, nou riske pèdi yon liy defans kont maladi ak lanmò nou ta ka ka evite. »

Yon lopital anplis ki pèdi, se lavi anplis ki an danje. Zak vandalis sou lopital Bernard Mevs la, ak tout lòt ka ki pase yo raple nou nesesite ijan pou n ogmante pwoteksyon ak ranfòse sistèm sante Ayiti a, paske sante, lavi popilasyon an, pa dwe pran an otaj nan mitan yon kriz ki pa gen bout.

Velphyne Pierre