You are currently viewing Rapò ankèt BINUH an rakonte nan bon ti mamit masak Wharf Jérémie an

Rapò ankèt BINUH an rakonte nan bon ti mamit masak Wharf Jérémie an

Selon yon rapò ankèt BINUH soti lendi 23 desanm nan, omwen 207 moun mouri nan masak Wharf Jérémie an, ant 6 ak 11 desanm 2024 la. Pami viktim yo, te gen 134 gason ak 73 fanm. Majorite viktim yo se ti granmoun yo akize k ap pratike vodou ki ta koze lanmò pitit chèf gang Wharf Jérémie an, Micanor Altès. Lòt viktim yo se te manm fanmi ti granmoun yo, moun ki t ap eseye kouri kite zòn nan, oswa moun yo te sispèk k ap bay enfòmasyon sou krim sa yo nan medya lokal yo.

Gang yo te trake viktim yo, depi anndan lakay yo, kouri dèyè yo nan yon tanp vodou, epi mennen yo nan baz yo, kote yo tire yo oubyen touye yo ak kout manchèt. Aprè krim sa yo, gang yo te eseye efase prèv yo, nan boule kò yo oswa demambre yo, epi jete yo nan lanmè.

Rapò a montre krim sa yo fèt nan yon kontèks vyolans ak vyolasyon dwa moun ki bay gwo kè kase. Krim sa yo enplike gang kriminèl, gwoup moun k ap eseye defann tèt yo poukont yo, ak manm popilasyon an. Selon BINUH, gen kèk sous kredib ki endike Polis Nasyonal Dayiti (PNH) a enplike tou. Pami vyolasyon dwa moun sa yo, gen masak, vyolans seksyèl tankou kadejak kolektif, kidnaping, rekritman ak trafik timoun. Yo kraze bilding piblik ak pwopriyete prive tou.

Daprè BINUH ak HCDH, depi janvye 2024, plis pase 5,358 moun pèdi lavi yo, 2,155 lòt blese. Sa ki fè total moun ki mouri oswa blese an Ayiti a ogmante a 17,248 depi kòmansman ane 2022 a.

Premye faz

Nan kòmansman mwa desanm 2024 la, aprè pitit gason li a fin tonbe malad grav, chèf gang Wharf Jérémie an akize prèt vodou ak ti granmoun ki rete nan Wharf Jérémie yo kòm moun ki responsab. 6 desanm nan aswè, li bay manm gang li yo lòd (apeprè 300 moun) pou yo mennen yon « chasalòm». Yo rantre nan plizyè riyèl nan katye a epi yo trennen viktim yo soti lakay yo.

Yo mennen omwen 127 ti granmoun (90 gason ak 37 fanm) nan baz gang lan – sa yo rele « sant fòmasyon » Wharf Jérémie an, ki twouve l bò lanmè a, zòn yo itilize pou fòme manm gang yo. BINUH ak HCDH fè konnen 127 viktim yo te rete nan senk zòn diferan nan katye a. Sa ki te rete tou prè « sant fòmasyon » sa a, yo te fòse yo mache, pandan lòt moun ki te rete nan ti riyèl ki pi lwen yo, yo te pote yo nan yon pick-up. Soti nan sant lan, yo te mennen viktim yo kote yo ta pral egzekite yo a ki rele « Nan Mangue ». Yo te tire kèk nan yo epi touye lòt yo ak kout manchèt. Aprè sa, yo boule kò yo, oubyen demanbre yo, jete yo nan lanmè.

Gang nan te vize espesyalman ti granmoun yo akòz yon lide tou fèt ki gaye nan kèk sektè nan popilasyon ayisyèn nan, ki asosye ti granmoun yo ak moun k ap pratike vodou ak maji. Daprè sous kredib, chèf gang Wharf Jérémie an se gwo pratikan vodou. Li te konnen pèsonèlman moun ki patisipe regilyèman nan seremoni vodou yo nan katye a.

Dezyèm faz

7 desanm nan aswè, 57 moun (33 gason ak 24 fanm) te rasanble nan Wharf Jérémie pou patisipe nan yon seremoni mistik vodou, anvan yo pran yon bato pou yo sove kite peyi a. Manm gang yo rantre nan lokal « tanp » vodou a epi kidnape yo. Aprè sa, yo mennen viktim yo nan « sant fòmasyon » gang lan, kote yo te kenbe yo epi chèf gang lan ak mesye l yo t ap poze yo kesyon pandan tout nuit la.

Twazyèm Faz

Nan kòmansman 8 desanm nan, yo te egzekite 57 moun sa yo bò lanmè a, nan « Nan Mangue », epi boule kò yo oswa touye yo. Lè nouvèl sou masak la kòmanse gaye nan medya yo, 8 desanm nan, chèf gang lan bay lòd pou konfiske telefòn tout moun ki rete nan zòn nan pou l ka idantifye moun ki te responsab nan gaye enfòmasyon an sòti nan Wharf Jérémie. Manm gang lan te tou mete restriksyon sou deplasman yo, epi fè siveye sèl wout ki mennen nan katye a e yo te entèdi abitan yo sòti lakay yo. Anplis de sa, yo te kenbe apeprè 60 moun nan « sant fòmasyon » an, gang yo akize yo t ap denonse yo bay medya ak òganizasyon dwa moun yo di yo touye fanmi yo.

Katryèm faz

9 desanm nan, senk fanmi ti granmoun yo te touye 6 desanm nan (twa gason ak de fanm), te eseye sove kite katye Wharf Jérémie an, yo te pè pou yo pa vin tounen sib. Gang yo te pran yo epi mennen yo nan zòn « Nan Mangue » lan kote bra dwat chèf gang lan te egezite yo.

Senkyèm faz

Daprè enfòmasyon BINUH ak HCDH te ranmase, pandan enfòmasyon sou krim sa yo te gaye nan medya yo, chèf gang lan te kenbe Wharf Jérémie pi di. 10 desanm nan, li ale kay plizyè fanmi viktim yo, li akize yo ap denonse disparisyon moun nan fanmi yo bay jounalis. Li mennen 13 moun (8 gason ak 5 fanm) nan baz gang lan. Mikanò poze yo anpil kesyon, maltrete yo youn aprè lòt, anvan li mennen yo nan sit ekzekisyon an pou l touye yo. Pou efase prèv yo, li boule kò yo ak gazolin.

Sizyèm faz

11 desanm nan, yon lòt gwo ensidan rive. Manm gang lan kidnape 5 fanm pandan yo t ap fè yon videyo TikTok kote yo t ap denonse yo k ap touye fanmi yo. Yo te mennen yo nan « sant fòmasyon » an, kote yo te sibi menm sò ak viktim ki te vini anvan yo.

Pou eseye devye akizasyon sou patisipasyon li nan egzekisyon sa yo, chèf gang Wharf Jérémie a te libere 60 moun li te kenbe. Li distribye manje bay plizyè dizèn abitan e li ankouraje yo òganize yon mach nan katye a pou sipòte li piblikman epi nye li te touye moun yo vre. Pandan tan sa a, apeprè 70 abitan nan Wharf Jérémie, ki gen ladan yo fanmi viktim yo, sove kite lakay yo akòz yo pè reprezay pou y ale nan katye La Saline, kote yon gang rival kontwole.