You are currently viewing Pwojè AVETI : yon rezilyans klimatik ak ekonomik pou fanm Ayisyèn nan agrikilti

Pwojè AVETI : yon rezilyans klimatik ak ekonomik pou fanm Ayisyèn nan agrikilti

«Anvan sa, mwen te totalman depann de mari mwen. Kounyeya, mwen pa oblije tann li pou m fè fas ak responsablite lekòl pitit mwen yo. Gras ak AVETI, mwen vin otonòm ekonomikman.» Pawòl sa yo ki sòti nan bouch Chilove Apolon, yon fanm ayisyèn nan agrikilti, montre aklè efè pozitif pwojè AVETI a, ki te kòmanse nan lane 2019 nan depatman Grandans peyi Dayiti epi ki fini nan fen ane 2024 la.

Pwojè sa a, CECI t ap dirije nan tèt kole ak SOCODEVI epi Union des producteurs agricoles Développement international (UPA DI), te fè òganizasyon Développement international Desjardins (DID) travay pou ranfòse endepandans finansyè fanm Ayisyèn ki nan agrikilti yo ak sekirite alimantè fanmi yo pandan l ap ogmante valè kakawo ak yanm ki se de rekòt fanm yo kontwole prensipalman.

Mize sou envestisman lokal

Pandan pwojè sa a, òganizasyon Développement international Desjardins (DID) te travay kole sere ak senk enstitisyon finans enkliziv Ayisyèn pou amelyore aksesibilite finansman, ki se yon kondisyon esansyèl pou devlopman dirab. Lè yo entegre pratik ki pi adapte ak chanjman klimatik yo epi envesti plis nan pwodiksyon agrikòl pwojè a vize yo, enstitisyon sa yo jwe epi ap kontinye jwe yon wòl enpòtan nan ranfòsman otonomi ak rezilyans kominote y ap sèvi yo.

«Difikilte pou lanse biznis transfòmasyon kakawo mwen an te anpil. Men kounye a, li ouvè sou mache entènasyonal la gras ak sipò teknik epi ko-finansman pwojè AVETI a. Mwen swete rive kreye plis travay nan kominote a», se saRoodberson Antoine, yon chèf antrepriz fè konnen.

Nan de premye ane pwojè a, òganizasyon Développement international Desjardins (DID) te mete sou pye 63 asosyasyon vilaj pou ekonomi ak kredi (AVEC) ki pèmèt 2055 moun —56% fanm ak 25% jèn — kapab fè ekonomi an sekirite epi gen aksè a posibilite prete lajan nan yon fason ki adapte ak bezwen yo.

• 12,901,900 goud (anviwon135,000 CAD) te rasanble kòm ekonomi total, ki vle di yon mwayèn 6,278 goud pa manm.

• yo te prete 13,049,387 goud (apeprè 136,000 CAD) bay 1,097 manm, kote 55% se fanm epi 24% se jèn, an patenarya ak enstitisyon finansye pwojè a.

• 51 antrepriz asosyativ, kote 34% te sou responsabilite fanm epi 62% te sou responsabilite jèn, sa ki te pèmèt yo jwenn sipò ak finansman ki adapte ak bezwen yo.

Asosyasyon vilaj pou ekonomi ak kredi (AVEC) yo te akonpaye ak chan-lekòl peyizan, ki pèmèt fanm Ayisyèn ki nan agrikilti yo adopte pratik inovatè pou pwodiksyon yo pi rezistan fas ak chanjman klimatik.

«Anvan sa, nou te konn baze sou sezon yo pou nou travay latè, men chanjman klimatik yo te souvan twonpe nou. Kounyeya, nou gen teknik ki pèmèt nou kapab adapte ak kondisyon klima yo, pandan jaden nou yo pwodwi pi plis», se sa  Chilove Apolon deklare.